

(oh Lord,
oh Lord)
Mwen leve chak maten ak espwa
nan kè
m Mwen mache tout lari,
solèy ap kuit tèt mwen
Mwen kenbe dosye m
sere anba bra
m Men tout pòt yo rete
fèmen devan m
Eske sa m ap viv la se
yon vi?
M ap chèche travay mwen pa
ka jwenn
Mwen plen diplòm nan men m (plen diplòm nan men
m) E poutan m ap soufri
Eske se yon mal mwen fè m ap peye?
Mwen plis kwè sa
se yon lanfè
Mwen sakrifye
tout jèn tan mwen
Jodi a men m vid,
m ap gade syèl la
(eske se yon lanfè?)
Maman m te di m lekòl se sèl kle M
pase nwit ap li,
je m te konn brile
Kounye a kle a nan men m,
pa gen baryè pou louvri M
gade tout zanmi m yo,
tout ap kouri pati
Eske se yon mal mwen fè m ap peye?
Mwen plis kwè sa
se yon lanfè
Mwen sakrifye
tout jèn tan mwen
Jodi a men m vid,
m ap gade syèl la
(ouhh, ban m yon repons)
(hummmm) Syèl la tande kri m
(tande kri m
non)
Plen
diplòm nan men m...
Eske se yon lanfè?
(ohhh, m ap
chèche lavi)