

(Mmm-mmm) Mwen t ap mache sou yon wout difisil,
Ki te plen danje.
Men tousuit mwen te rankontre
ak nonm sa a.
Li di mwen:
“Pitit mwen,
Vini jwenn mwen, pa mize.” Mwen obeyi san
plenyen, san pè,
E li kenbe
men mwen.
Non li se Jezi,
Pa gen lòt tankou li.
Non li se Jezi,
Vini adore li. Sa se pi gwo kontantman mwen:
Mwen wè Sovè a.
Chemen mwen te kòmanse
Vin fasil,
byen fasil,
Lè mwen vin rekonèt se te nonm sa a
Ki yon jou te bay lavi li Sou lakwa pou sove mwen.
Kontantman ak lajwa Ranpli tout kè mwen: Mwen wè Sovè a.
Ala yon gran jou sa va ye,
Lè li retounen vin chèche
mwen!
Tout kriye,
doulè ak soufrans
Va fini
pou tout tan. Mwen pral rejwi ansanm
Ak tout zanj nan syèl la.
Men malè pou moun
Ki pa t janm vle kwè Nan sèl Sovè a.
Non li se Jezi,
Pa gen lòt tankou li.
Non li se Jezi,
Vini adore li.
Sa se pi gwo kontantman mwen: Mwen wè Sovè a.
(Mwen wè Sovè a!)
Non li se Jezi,
Pa gen lòt tankou li.
Non li se Jezi,
Vini adore li.
Sa se pi gwo kontantman mwen: Mwen wè Sovè a.
Wi, mwen wè Sovè a! (Jezi...)